The Greater Brockton

Ki lang prefere w?


Èske kay ou oswa ti biznis ou twò frèt pandan ivè a oswa twò cho pandan ete a?

Nou genyen solisyon ki kapab ede w ekonomize enèji, pandan n ap ankouraje angajman kominote nou an anvè ekite ak dirabilite.

Asosyasyon Cape Verdean, Inc. ak vil Brockton ap patisipe nan Community First Partnership ke Mass Save® la, l ap kolabore lokalman avèk Eversource ak National Grid, pou pote solisyon efikasite enerjetik bay rezidan yo, ti biznis yo, ak òganizasyon lokal ki pa la pou fè pwofi yo nan yon efò pou diminye itilizasyon enèji epi ogmante konfò nan kay ak bilding yo.

Oswa Rele (508) 456-5030

Ou pral reponn ak kèlke kesyon pou kòmanse vwayaj ekonomize enèji a.

Evalyasyon Enèji Kay San Frè

 

Lokatè, pwopriyetè ak mèt kay ki gen kay pou yon sèl fanmi, apatman oswa kondominyòm nan bilding ki genyen 1 a 4 inite kapab jwenn yon Evalyasyon Enèji Kay San Frè epi aprann kijan yo kapab benefisye de amelyorasyon nan kay ki kapab ede diminye depans enèji ak antretyen epi ogmante konfò lakay yo.

Asistans Baze sou Revni

 

Sponnsò Mass Save yo angaje yo pou rann amelyorasyon efikasite enerjetik yo abòdab pou tout rezidan Massachusetts. Pwopriyetè kay ak lokatè ki elijib yo kapab resevwa amelyorasyon izolasyon ak bouche fant pou lè pa pase San Frè, ansanm ak pi gwo rabè oswa amelyorasyon adisyonèl San Frè, selon revni yo. Atravè evalyasyon enèji San Frè, sèvis, ak pwodwi efikas, pwopriyetè kay ak lokatè yo kapab amelyore konfò lakay yo epi diminye bòdwo enèji chak mwa.

Ponp Chalè

 

Ponp chalè yo trè efikas, yo ofri 2-3 fwa plis efikasite pase yon chodyè oswa yon founèz epi anpil ladan yo bay chalè ki efikas nan tanperati deyò ki osi ba ke -15 ℉. Yo bon pou anviwònman an tou paske pa gen okenn emisyon dirèk. Ponp chalè yo pi an sekirite, yo pa bezwen stoke gaz epi yo pa degaje monoksid kabòn, epi yo kapab diminye depans enèji konpare ak chofaj ki fèt avèk lwil, pwopan, oswa elektrisite. Enstalasyon yo fleksib, yo kapab chofe ak refwadi zòn endividyèl oswa yon kay antye, epitou yo bay yon konfò total avèk chofaj, refwadisman, ak dezimidifikasyon.

Pwopriyetè kay pou yon sèl fanmi, apatman ak kondominyòm nan bilding ki gen 1-4 inite yo kapab elijib pou rabè pou modènize ponp chalè yo pou yo vin gen gwo efikasite, ansanm ak opòtinite pou aplike pou finansman 0%.

Evalyasyon Enèji pou Bilding Plizyè Lojman

 

Pwopriyetè oswa manadjè bilding ki gen 5 inite oswa plis kapab ogmante satisfaksyon lokatè yo ak valè pwopriyete a, epi redwi depans fonksyònman yo pandan tout ane a lè yo pwofite ankourajman Mass Save, rabè, pwodwi ki ekonomize enèji, konsèy ekspè, ak plis ankò.

Evalyasyon Enèji pou Ti Biznis

 

Jwenn yon evalyasyon enèji San Frè pou ti biznis ou, òganizasyon san bi likratif ou, oswa kay kote adorasyon fèt.

Yon Espesyalis nan Enèji ap ede w dekouvri opòtinite pou ekonomize enèji ki kapab: Ekonomize lajan sou depans fonksyònman yo, ogmante maj pwofi w, amelyore konfò kliyan w yo ak anplwaye w yo.

Oswa Rele (508) 456-5030

Ou pral reponn ak kèlke kesyon pou kòmanse vwayaj ekonomize enèji a.