The Greater Brockton

Ki lang prefere w?


Asosyasyon Cape Verdean, Inc. ak vil Brockton ap patisipe nan Community First Partnership ke Mass Save® Sponsors ofri. N ap travay ak Mass Save Sponsors Eversource ak National Grid pou pote solisyon pou ekonomize enèji pou rezidan ak ti biznis nan kominote nou.

 

Si w santi ke kay oswa ti biznis ou twò frèt pandan livè oswa twò cho pandan ete a epi w bezwen ede kominote w vin vèt, pwogram sa yo ka ede.

 

Rejwenn nou ansanm ak vwazen w yo pou ekonomize enèji ak lajan. Ansanm nou ka rann kay nou ak biznis nou pi konfòtab. Ansanm nou ka ale pi lwen ak ekite ansanm ak dirabilite kominote nou.

Evalyasyon Enèji Lakay Ou Gratis 

 

Lokatè, pwopriyetè ak moun k ap lwe kay yon fanmi, apatman oswa kondo nan bilding 1-4 apatman ka ekonomize enèji ak lajan, kòmanse ak yon Evalyasyon Enèji Lakay yo gratis.

Gen avantaj pou rezidan tout nivo salè.  

Pwogram Salè Kalifye 

 

Si w rete nan yon kay pou yon sèl fanmi oswa nan yon bilding ki gen 2 a 4 inite, epi ou kalifye akoz revni w*, ou gendwa kalifye pou yo enstale kèk sistèm ki konsome mwens enèji lakay ou. Sa ka fè bòdwo kouran w desann epi sa ka fè w santi w pi alèz lakay ou tou, san sa pa koute w anyen. Moun ki pwopriyetè kay yo tou gendwa kalifye selon revni yo oswa selon revni lokatè yo.

*Klike isit pou konnen si w gendwa kalifye pou pwogram pou moun ki kalifye akoz revni yo.

Amelyorasyon Wo Nivo Ekonomi nan Chofaj ak Rafrechisman 

Pwopriyetè kay yon fanmi, apatman ak kondo nan bilding 1-4 apatman gendwa kalifye pou rabè pou amelyore ak ekipman wo nivo ekonomi nan chofaj ak rafrechisman.

Ensitasyon yo disponib selon revni w, dimansyon ak kalite sistèm chofaj ou genyen an.

Evalyasyon Enèji Plizyè Fanmi

 

Mèt pwopriyete oswa manadjè bilding rezidansyèl ki genyen plis pase 5 apatman ka mande Mass Save yon Evalyasyon Enèji Plizyè Fanmi gratis. Rabè ak ensitatif ki disponib pou amelyorasyon sou ekonomi enèji ka ogmante valè pwopriyete w la epi redui sou depans operasyon pandan tout ane a.

Evalyasyon Enèji Ti Biznis

 

Fè yon evalyasyon gratis vityèl oswa an pèsòn pou ti biznis ou, òganizasyon san pwofi oswa espas adorasyon w lan. 

Yon Espesyalis Enèji pral detèmine ki posiblite ki genyen pou w konsome mwens enèji selon rezilta evalyasyon w.

Rejwenn nou! Ansanm nou ka atenn objektif nou pou ane sa a:

350
Kay etanche
50
Amelyorasyon wo nivo ekonomi nan chofaj ak rafrechisman
200
Evalyasyon ti biznis