Malden

Malden Seal

Vil Malden ap patisipe nan Community First Partnership ke Mass Save® Sponsors ofri. N ap travay ak Mass Save Sponsors National Grid pou pote solisyon pou ekonomize enèji pou rezidan ak ti biznis nan kominote nou.

Si w santi ke kay oswa ti biznis ou twò frèt pandan livè oswa twò cho pandan ete a epi w bezwen ede kominote w vin vèt, pwogram sa yo ka ede.

Rejwenn nou ansanm ak vwazen w yo pou ekonomize enèji ak lajan. Ansanm nou ka rann kay nou ak biznis nou pi konfòtab. Ansanm nou ka ale pi lwen ak ekite ansanm ak dirabilite kominote nou. Chelsea, Revere and Winthrop have partnered with Neeeco, a local energy efficiency company and Mass Save partner, to streamline the process for receiving a no-cost Home Energy Assessment and recommended weatherization work. To get started, call 781-309-7540 or click the button below.

Evalyasyon Enèji Lakay Ou Gratis 

 

Lokatè, pwopriyetè ak moun k ap lwe kay yon fanmi, apatman oswa kondo nan bilding 1-4 apatman ka ekonomize enèji ak lajan, kòmanse ak yon Evalyasyon Enèji Lakay yo gratis.

Gen avantaj pou rezidan tout nivo salè.  

Pwogram Salè Kalifye 

 

Si w ap viv nan yon kay yon fanmi oswa nan yon bilding 2-4 apatman epi w kalifye antanke salè fèb* ou gendwa kalifye pou amelyorasyon pou ekonomize enèji ki gendwa diminye fakti enèji w peye pa mwa a epi rann kay ou pi konfòtab gratis. Mèt pwopriyete yo gendwa kalifye tou sou baz salè pa yo oswa salè lokatè yo.

 

*Pou wè si w gendwa kalifye antanke salè fèb, klike la a.

Amelyorasyon Wo Nivo Ekonomi nan Chofaj ak Rafrechisman 

Pwopriyetè kay yon fanmi, apatman ak kondo nan bilding 1-4 apatman gendwa kalifye pou rabè pou amelyore ak ekipman wo nivo ekonomi nan chofaj ak rafrechisman.

Evalyasyon Enèji Plizyè Fanmi

 

Mèt pwopriyete oswa manadjè bilding rezidansyèl ki genyen plis pase 5 apatman ka mande Mass Save yon Evalyasyon Enèji Plizyè Fanmi gratis. Rabè ak ensitatif ki disponib pou amelyorasyon sou ekonomi enèji ka ogmante valè pwopriyete w la epi redui sou depans operasyon pandan tout ane a.

Evalyasyon Enèji Ti Biznis

 

Fè yon evalyasyon gratis vityèl oswa an pèsòn pou ti biznis ou, òganizasyon san pwofi oswa espas adorasyon w lan. 

Rejwenn nou! Ansanm nou ka atenn objektif nou pou ane sa a:

450
Kay etanche
100
Amelyorasyon wo nivo ekonomi nan chofaj ak rafrechisman
50
Pwojè ti biznis